
Lè ou gen dyabèt gestasyonèl, sa vle di sik nan san ou pi wo pase nòmal pandan gwosès la.
Ou ka pa remake okenn sentòm. Oswa pafwa siy ou remake yo—tankou santi w twò swaf oswa fatige—se bagay anpil fanm ansent konn fè eksperyans de tout fason. Se poutèt sa doktè w ap teste w ant 24 ak 28 semèn nan gwosès ou pou konnen pou sèten.
Nenpòt moun ka devlope dyabèt gestasyonèl. Ou gen plis risk si ou:
Lè dyabèt gestasyonèl pa jere, li ka afekte ou menm ak tibebe ou.
Ou ka:
Bebe w la ka:
Pandan gwosès:

Founisè swen sante ou ak nitrisyonis WIC la ka ede w kreye yon plan nitrisyon ki mache pou ou.

Manje ki rich an fib tankou grenn antye, legim ak fwi ede kenbe nivo sik nan san ou estab. Lè ou anvi yon bagay dous, chwazi fwi fre oswa yogout olye de sirèt, gato oswa jele.

Besoin enèji kò ou chanje pandan gwosès, kidonk sik nan san ou ka chanje rapidman.

Aktivite tankou mache ka ede bese sik nan san ou. Mande doktè ou sa ki an sekirite epi pale sou sa ki fè ou santi w byen.
Apre tibebe w la fin fèt:
Dyabèt gestasyonèl anjeneral disparèt apre ou fin akouche. Men li ka retounen pandan gwosès kap vini yo. Doktè ou ka tcheke nivo sik nan san ou pou asire dyabèt tip 2 pa devlope.
Kijan pou w diminye risk ou:
WIC la pou sipòte w nan chak etap.
Mwen la pou ede. Si ou bezwen nenpòt konsèy itil oswa resous, ban m yon ti frap. Men anvan sa, mwen ta renmen konnen ou pi byen.