Dòmi tibebe a pa previzib, espesyalman nan premye mwa yo. Dòmi tibebe ou a pap sanble ditou ak pa w la. L ap reveye souvan, l ap dòmi pou ti bout tan, epi l ap chanje abitid li yo toutan. Sa ka difisil, men se nòmal e li an sante.
Dòmi lejè ak dòmi pwofon
Ti bebe yo pase nan dòmi lejè ak dòmi pwofon. Tou de enpòtan pou sante ti bebe ou.
Dòmi lejè
- Li deplase epi fè bri
- Zye yo ap tranble oswa yo ouvri epi fèmen rapid
- Respire vin pi rapid epi vin pi dousman.
- Li reveye fasil
Dòmi pwofon
- Pa deplase anpil
- Bann ak pye yo rilaks epi pandye.
- Respire regilye ak dousman
- Fè mouvman tankou si l ap souse
- Pa reveye fasil
Konsèy: Si tibebe w la reveye fasil lè w mete l kouche sou do l, tann jiskaske l tonbe nan yon dòmi pwofon anvan w mete l nan kabann li.
Se nòmal pou moun reveye lannwit
Ti bebe reveye nan mitan lannwit pou
- Manje
- Santi w alèz
- Rete an sekirite
Bebe w la ka reveye pi souvan pandan
- Saut de kwasans
- Maladi
- Chanjman nan woutin
Modèl dòmi yo chanje pandan tibebe w la ap grandi.
Chak tibebe diferan. Gen kèk ki bezwen plis dòmi pase lòt yo. Pandan tibebe w la ap grandi, dòmi li vin pi previzib. Men sa ou ka atann:
- Soti nan tibebe ki fèk fèt rive nan 6 semèn: Pandan peryòd sa a, dòmi tibebe ou a ap enprevizib. Tibebe ou a ap abitye ak mond lan. Li dòmi sèlman kèk èdtan chak fwa epi li reveye plizyè fwa pandan jounen an ak lannwit.
- 6 a 8 semèn: Ti bebe ou ka dòmi plis nan mitan lannwit paske li rete reveye plis pandan jounen an. Rete reveye nan mitan lannwit toujou nòmal.
- Anviwon 3 mwa: Bebe ou a ka dòmi pi lontan epi reveye mwens souvan.
- Anviwon 6 mwa: Bebe ou ka dòmi jiska 6 èdtan d'yon kou.