Lè w aktif menm pou 10 minit twa fwa pa jou, sa ka:
- Bay ou plis enèji
- Redwi strès epi ede w detann ou
- Ede pou pèdi pwa
- Kenbe misk ou yo fò
- Anbwati imè w
Kòmanse
Fè l dousman okòmansman. Kò ou toujou ap geri. Mande founisè swen sante ou sa ou ka fè ak kilè pou kòmanse.
- Mache se yon bon fason pou vin aktif apre ou fin akouche.
- Mete tibebe w la nan yon pousèt, nan yon langèt pou tibebe, oswa nan yon pòtbebe epi mache.
- Mache nan sant komèsyal la, lekòl la, oswa sant kominotè a.
- Mande zanmi w oswa fanmi w pou yo vin avè w.
- Kòmanse ak yon mache 5 oswa 10 minit. Apre yon semèn, mache yon ti kras pi lontan oswa pi lwen.
Plis fason pou w rete aktif:
- Mache sou plas pandan w ap gade televizyon oswa pale nan telefòn.
- Jwe mizik epi danse.
- Prann eskalye a olye de eskalator la oswa asansè a.
- Pake machin nan pi lwen antre a lè ou kapab.
Fè l pa etap
Piti piti, retounen aktivite nan jounen ou. Abitye ak yon chanjman anvan ou eseye yon bagay nouvo.